Poemes

Si…

Si yon jou nan lavi, mwen fè yon debolzay
Ki mete moun kanpe sou de ran pou tande…
Non pa yon move zak; pito…yon bèl bagay
K’a fòse yo chita, chita pou yo koute,

Si nan respè lèzòm yon jou m’ ta jwenn tikal;
Pa paske m’ gen lajan, paske m’ta moun debyen;
Si nan moun ki konn li se pa mwen ki pi mal,
Si gen moun ki pa pè vinn chita kote mwen,

Si mwen gen levasyon, lonè ak diyite,
Si nan mitan tout moun, m’ ka leve tèt gade,

Wi! Si tou sa rive, pèsonn pap fè m pa di
Sa ki anndan fon kè m, sa ki fè mwen souri
Lè mwen pran reflechi, sonje move moman:
«Ou s’on fanm kapital, yon fanm total…Manman»

Leaudevie
13 juillet 2006

 

 

Vous pourriez également aimer...