Poemes

Libète pa ou…

Paske mwen vle konnen
Kijan ou ye, eske ou byen,
Pake mwen gen pwoblèm
Lè mwen pa wè w, l’è w pa avè m’

Ou di ke se kòmsi ou santi w nan prizon,
Ke pou libète ou mwen tounen yon pwazon.

Paske mwen fè ou wè
Sa mwen panse ak sa mwen kwè,
Paske m’ vle nou pale
De jan pou n’ ye ak pou n’ pa ye,

Ou di ke se kòmsi ou santi w nan prizon,
Ke pou libète ou mwen tounen yon pwazon

Pou tout bagay sa yo m’ ap mande ou padon.
O mèt ale, kouri, vole kou papiyon
E jou w a vle tounen, w a fè sa lè ou vle
Paske m’ pap la ankò. M’ ap gentan deplase.

Tilou
26 mars 2006

Vous pourriez également aimer...

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.