Poemes

Nou pap konprann

Mwen ta di n’ sa m’ ta renmen
Eksplike n’ kisa mwen santi…
Men nou pap konprann!

Mwen ta ba nou volan an
pou mwen fè yon kabicha…
Men nou pap konprann!

Mwen ta pase nou kòn nan
pou mwen rale yon souf…
Men nou pap konprann!

Mwen ta ba nou kenbe gita a
pou mwen fè yon ti danse…
Men nou pap konprann!

Mwen ta ba nou tabliye a
pou mwen fè yon ti goute…
Men nou pap konprann!

Mwen ta prete zepòl nou
pou mwen fè yon poze…
Men nou pap konprann!

Pouki m’ pa eseye konte sou nou?
Pouki mwen pa pataje soufrans mwen ak nou?
Nou wè…Nou pa konprann!

Tilou
13 févrie 2012

Vous pourriez également aimer...

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.