Passions et Sentiments

Pri souri

Gen sa ki sipòte w
ki kwè yap fè w favè,
Lòt ki akonpanye w
E ki fè l ak tou kè.

Moun ki gade w lè gen lavi,
Wè w lè sa bon.
Moun ki avè w pandan lapli,
renmen w tout bon.

Lè syèl la bèl, souri fasil.
Lè tan mare, souri gen pri.

Lavi pa toujou fasil:
Souvan li senyen kè w.
Men moman sa yo konn itil
pou dekouvri moun ki avè w

Ou menm ki te prete m mouchwa w
San ke dlo pa w pot ko fini.
Ki te pran kwa m pou pa w
pandan kalvè w tap fè w soufri.

Mwen pap janm sispann diw mèsi.
Mèsi paske w pa machande lanmou w.
E si yon jou se tou pa m nan lavi
Mwen mande kè pou m fè tankou w.

Si lè syèl la bèl, souri fasil.
Se lè tan mare, souri gen pri.

Tilou

Vous pourriez également aimer...