Sociétés

Rèl! pou yo! pou nou!

Sitiyasyon frè ak sè nou yo pa chanje.
Yo toujou nan lari. Yo toujou p’ap dòmi.

Yo toujou oblije brave danje,
brave lanmò!
Pou chèche yon moso manje…
Yon moso lespwa…
Yon moso lavi!

Nou pa ka, nou pa dwe,
Nou pa gendwa pa rele!
Nou pa gen dwa pe!

Rèl nou se dènye fòs yo.
Rèl nou se dènye chans yo.
Rèl nou, pou yo
Se yon mòso lanmou…
Yon mòso lavi…
Yon dènye lespwa!

Tilou

Vous pourriez également aimer...

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.