an kreyòl force Passions et Sentiments

Ak tout fòs mwen!

Mwen eseye ak tout fòs mwen
Fè sa ki byen, fè sa ki bon,
Fè sa m’ dwe fè!

Mwen eseye ede, sèvi…
ankouraje CHAK grenn moun
sou wout mwen, nan vi mwen.
ak tout fòs mwen!

Mwen blese moun, mwen fè moun mal…
men ak bòn volonte mwen.
Jamè paske mwen te deside sa.

Men jodi a mwen about.
M’ pa kapab ankò.
M’ p’ap kapab ankò.
Sa pa gen sans ankò.

Mwen p’ap pale ankò.
Mwen p’ap ekri ankò.
Mwen pa gen fòs ankò!

Vous pourriez également aimer...

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.