Poemes

Peyi Pèpè

Sa fè kèk tan nou ape mete rad pèpè.
Se pa jodi nou nan manje manje pèpè.

Men se pa paske nou manje manje pèpè
Ki fè nou pa gen diyite.
Se pa paske nou abiye ak rad pèpè
Ki fè nou pa ka pwogrese.

Non!
Yon pèp pa vin pèpè paske li pa pwodui,
Yon pèp ka vin pèpè si kilti li pèpè.

E
Se sou rout si la a nou mete Ayiti.

Nou kraze kilti li, nou prete kilti blan.
Nou kite mizik li, nou chwazi mizik blan.
Nou meprize lang li pou nou pale lang blan
Nou prese kite li ale rete ak blan.

Wi !
Pou nou renmen pa blan, nou bliye kilti li.
Kilti nou…

Nou tounen moun pèpè epi… tank nou chèlbè.

Tilou
(l’Eau-de-Vie, 27 janvier 2005)

Vous pourriez également aimer...

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.