Poemes

Lajan madichon

Yon maten mwen leve epi mwen pran lari.
Ak kè kontan m’ape souri
Paske ayè mwen genyen nan bòlèt
E ke jodi a mwen pwal’ achte nèt.

Tout pandan mwen sou chimen,
Mwen santi mwen jennen.
Kisa ki fè sa ? Mwen poko konnen.

Men apre kelke pa, mwen kòmanse reyalize
Ke se pou tout bon gen yon bagay ki rive :

Mwen pa rankontre okenn ti ekolye.
Ti elèv ak soulye klere, ti jip byen plise,
Ti elèv ak riban dore k’ ap taye banda…
Yo pa sou chimen an, non yo pa sou rout la.

Wi apre kelke pa, mwen fin pa remake
Ke se te pou tout bon, la ri a chanje

Machann pen, machann kafe
Latriye moun k’ap vironnen machann pate
Jodi a yo pa la.

A tout sa, mwen kontinye mache
Paske fòk mwen al achte
Tout sa mwen pat’ genyen,
Tout sa yo pat’ ban mwen.

Afòs m’ ape mache,
Mwen kòmanse bouke.
Anba yon kokoyer,
Mwen fè yon ti poze.

Yon ti kadè apre,
Mwen wè yon nèg ap pase.
Mwen profite rele l’ :
«  Mesye, mesye. Kouman ou ye ?
Di m’ non, sa k’ ap pase.
Mwen pa wè pèsonn sou rout la
Pèsonn nan peyi a. pouki sa ?

Mesye a vire gade mwen
Kòmsi li te gen la penn pou mwen.
Epi li di :
«Ou pa bezwen pè, se pa anyen.
Ayè ou te menm jan ak frè ou yo
Se pou sa ou te ka wè yo.
Ou pa bezwen pè, se pa anyen.
Depi demen maten,
Ou pap men remake
Ke yo pa egziste.»

Tilou
2 août 2005

Vous pourriez également aimer...

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.