Poemes

Jou madoulè

Jou sa a…
l’ap rive yon maten konsa.

Jou sa a…
Ou reyalize
Moun sa a…
li pa la ankò.

Jou sa a…
Bon moman, move moman ou te pase ak li…
tout pase.
Bon souvni, move souvni ou genyen de li…
tout se souvni
…selman souvni.

Jou sa a…
Ou regrèt bon moman yo
Jou sa a…
Ou gen remò move moman yo

Jou sa a…
Pou yon rezon
Ou pou yon lòt
li pa la ankò.

Jou sa a…
Foto li gen yen lòt kouleu
Souvni vwa li gen yon lòt son
Souvni Souri li gen yon lòt gou

Jou sa a…
Ou reyalize
Ou te gen yon trezò
Men li pa la ankò.

Jou sa a…
l’ap rive yon maten konsa.

Tilou
21 août 2013

Vous pourriez également aimer...

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.