Onzè diswa, li pral minui.
Se lè pou m ta f’on ti dòmi
Men ka vwazen an gen yon bri
Ki fè zyeu mwen rete louvri.
M’eseye pa okipe sa,
Fè komsi mwen pa tande sa,
Komsi bri m tande a pa sa.
Men sa gaye nan katye a.
Onzè diswa, li pral minui.
Se lè pou m ta f’on ti dòmi
Men ka vwazen an gen yon bri
Ki fè zyeu mwen rete louvri
M’blije al f’on ti te fèy.
Madanm, timoun nan fon somèy.
Chans yo: yo pap tande lòbèy.
Rèl sa yo se rigwaz zorèy.
Onzè diswa, li pral minui.
Se lè pou m ta f’on ti dòmi
Men ka vwazen an gen yon bri
Ki fè zyeu mwen rete louvri
Mwen pate fè pwojè bat nay
Demen bonè, fò m al travay.
Men mwen blije ap pase tray:
CHAT VWAZEN AN AP FÈ BAGAY !
Tilou